M PRALE (mp3) Wid-J Infini

M PRALE (mp3) Wid-J Infini

$9.99
Passer aux informations sur le produit
M PRALE (mp3) Wid-J Infini

M PRALE (mp3) Wid-J Infini

$9.99

Pawòl . Paroles

Si n wè boutey nan menm sa pa vle dim dejwe
M tap al gauch m fon chwa mal a dwat sa pa vle di m devye
Pou pwoblem m gen nan tet mwen si n wèm sou sin wèm ap pale san sans
Mwen moblije sa pa vle di m te vle

M prale lwen zanmi pa voye nouvel banm
M prale lwen rezo sosyo m pa bezwen konn anyen kap pase
M pa bezwen konn sak te fet sakap fet sak gen pou fet mwen m non lot mond
An gwo m pa vle anyen trakase m

M son viktim m pa konn siw pa youn
M prale m pa moun isi e moun isi pa moun
Kitem vibe laa m ka fe sam vle, moun pap anpeche m
M ka mande padon anpè la moun pa konn peche m

Kitem nan sans mwen pa dim poum chanje
Bagay yo ap pase mwen m ret vag e tankoum san je
Kitem ale m pa anvi rete a chak kou m sonje
Lakay fem mal vre men nan okun ka pa dim poum vanje

Sim pa pale map toufe
Kitem rape m konnen gen kè sansib map touche
M prale byen lwen kote m pap mal alez la vwam ap makonnen ak enstrument yo jistan soley kouche

Kitem ret solo , kitem ret poukont mwen
Kitem viv lavim janm vle non m pa we rezon pou w kont mwen
Kitem ri nan detres mwen kitem kriye nan lajwa m
Kitem fe pase sam santi kite emosyon m mela vwa m

M ka paka fe sam vle menm vle ka fe sam ka omwen
M gen kè nan men e pi souvan sak ka o mwen
Trayizon an sot nan pwoch ou koz lhr kat mare 14 pèsòn pa janm fem sign m pa janm konn sak kawo mwen

M viv a sam genyen m pap fe foli deye vanite
Si w vle poum vinn bese tet devanw mon frere va niquer
Ta mère
M pap achte figi n e sak fèn panike
pap janm lache ni desann talan m bay okenn vanupied

Pa eseye kenbe m maintenant m santion lot vag
M pral deye mòn yo koz lèm gade de loin m santion lot vibe
Ou pap janm konprann santi donk ak rezon w pouw wem son impoli
Lavi chanje m menm devan miwa m wem son inconnu

M elwaye m m kanpe de lwen na wèm flou
L’alcool c’est de l’eau , just banm on ti gout dlo na wèm sou
Moun isi tj sou zen , tj focus sou fe buzz mw menm m chazwi diferan kom nou tet nou dwat na wem fou

M prale lwen zanmi pa voye nouvel banm
M prale lwen rezo sosyo m pa bezwen konn anyen kap pase
M pa bezwen konn sak te fet sakap fet sak gen pou fet mwen m non lot mond
An gwo m pa vle anyen trakase m

M son viktim m pa konn siw pa youn
M prale m pa moun isi e moun isi pa moun
Kitem vibe laa m ka fe sam vle, moun pap anpeche m
M ka mande padon anpè la moun pa konn peche m

Écrit par Dhierry Jocelyn aussi connu sous son nom d'artiste Wid-J Infini

Tu aimerais probablement ... You may also like